Operasyon PNH: 38 moun arete sou warf Jerenie ak Lasalinn

469

Pòtopwens__(TRiboLAND) Jodi Dimanch 15 Desanm nan, anba lòd ou enstriksyon gwo kòdman PNH, plizyè inite espesyalize lanse gwo operasyon nan diferan katye sou Warf Jeremi ak Lasalinn.

Ajan PNH yo ki tap aji anba lòd ak detèminasyon gran chèf kò, Rameau Normil ki vle definitivman lapè piblik reboujonnen nan rejyon an, tankou jan sa te konn ye. Antouka, plis pase 38 moun anba men DCPJ kote ke yo ap subi gwo entèwogatwa e yon latriye minisyon sezi.

Comments are closed.