Yon polisye ak 2 sivil tonbe nan komin Kafou nan boukantaj kout zam ak lapolis.

1,194

05-30-2023

Kafou, Ayiti ___(TRiboLAND) Pou pipiti 3 moun mouri pami yo yon polisye ki rele Ti Bim pran plizyè bal bandi sangwen, kriminèl nan komin Kafou maten madi 30 me 2023 a.

Selon enfòmasyon yo, se ta yon gwoup bandi ki anvayi la marine nan Bizoton, yon katye nan komin Kafou ki lakoz yon parèy dràm ak panik.

Sitiyasyon sa a, lakoz tout aktivite yo te paralize tankou lekòl, mache, elatriye…Paran tap kouri pasi pala yon fason pou kouri al trape ti inosan lekòl. Kèk temwen ta vle fè kwè ke se yon group bandi sangwen, ki genyen nan tèt li chèf gang “Krisla”, ki tap tante okipe Lamarinn nan Kafou.

Boukantaj kou zam ki pa rete ak kout zam te marye; konsa, yon polisye ki afekte nan Brigad Intèvansyon Motorize (BIM) arive pèdi lavi li ak 2 sivil inosan ki egalman asasine.

Comments are closed.