Ondiras: migran afwiken ak ayisyen ap fòse fontyè pou antre nan Etazini

437

Tegisigalpa____(TRiboLAND) Gwoup gason, fanm, ak timoun valiz nan do ak cache nez nan figi yo ap mache tou pwè yon oto-wout nan zònn Sid Ondiras tou pwè Nikaragua, dapwè yon seri imaj televize.

Lizandro Vallecillo, yon pòtpawòl pou enstiti migrasyon nasyonal konfime genyen plis pase 260 migran ki loje nan divès sant detansyon nan zònn sid Ondiras nan vil Choluteca depwi nan mitan mwa Mas la, nan moman peyi vwazen El Salvadò ak Gwatemala te fèmen fontyè yo pou konbat kowonaviris la.

“Yo te nan Choluteca men yo deside deplase an karavann yon fason pou yo te ka rive sou fontyè Gwatemala pou pran wout Etazini,” dapwè Vallecillo.

Jimmy Aguilera, ki se yon aktivis kap milite anndan yon espas sosyete sivil ki rele ACI-PARTICIPA nan Choluteca, deklare ke polis te kanpe yo nan wout tou pwè vil ki rele El Marillal. “Yo tap mande pasaj,” dapwè Aguilera.

Kidonk, Afwiken ak Kiben migran bare nan divès kwen nan Amerik Santral la depi pandemi an te paralyze tout deplasman global. Pa egzanp, nan Panama genyen plis pase 2,400 migran, 59 nan sant detansyon nan pwovens Darien ki localize byen lwen nan yon forè ki separe Panama ak Kolonbi, tout moun sa yo teste pozitif pou kowonaviris.

Ondiras kontinye ap viv yon kouvwefe depi mwa Mas la pandan ke peyi a anrejistre yè Lendi a plis pase 5,362 ka enfekte ak 217 mò.

foto; yahoo.news.com

Comments are closed.