Bandi sangwen ke yo pa arive idantifye ovè zam sou yon gwoup moun devan lekòl Mè Boudon an

1,489

10/30/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Bandi sangwen yo pa arive idantifye ouvè zàm nan perimèt lekòl Mè Boudon yo sou yon gwoup moun pami yo elèv ak paran ki te vinn chèche pitit yo pou kou ratrapaj..

Yon sous kredib deklare bay TRiboLAND genyen plizyè viktim, pami yo yon elèv ke yo oblije transpòte vit e pwese nan yon sant medikal nan kapital la yon manyè pou resevwa swen nesesè.

Nan yon pwemye tan, enf`omasyon yo te sujere yon tantatif kidnapping alòske lòt sous kredib konfime se bandi sangwen sou moto ki ouvè zàm sou yon gwoup sitwàyen san oken pwetèks.

Nap raple, bandi sangwen ou san manman pa sispann ekstèmine ou devalorize lavi malere ayisyen anba je otorite ki pa sispann danse kole ak bandi kidnapè.

Comments are closed.