Yon Repwezantan kongrè Ameriken an, Maxine Waters deklare ke Pswezidan Jovenel Moise pwan responsabilite-l pou nan kriz peyi a mawonde la; paske vag pwotestasyon pap kanpe toutan li pa fè-l

0 614

Yon Repwezantan kongrè Ameriken an, Maxine Waters deklare ke Pswezidan Jovenel Moise pwan responsabilite-l pou nan kriz peyi a mawonde la; paske vag pwotestasyon pap kanpe toutan li pa fè-l.

Me sa Depite democrat pou distri 43 a nan Kalifònya, Maxine Waters te fè sòti nan seyans odisyon ki te konsakre  sou: “ Degrengolaj Ayiti: Revize politik Etazini fas ak kriz peyi a”, delivwe devan Sou-komite pou Komite Afè lòt bò Dlo pou Emisfè Wès la, 10 Desanm dènye:

  • Se pa tann dat Ayiti ap benyen nan kriz, e nou an reta lontan nan fè yon evalyasyon ki onèt sou plan politik Etazini ak peyi sa.
  • Mwen te ale an Ayiti nan mwa Avwil ane sa, kote ke mwen te alatèt yon delegasyon. Mwen rankontre moun kap viv nan Lasalinn ki nan zònn avwazinant kapital la kap dekri zak vyolans ke moun pa ka imajine ki te arive fèt nan mwa Novanm 2018. Yon masak ki te okazyone asasinaj 71 sitwayen ayisyen, san konte 11 fanm yo te vyole ak plis pase 150 kay ki kraze plat atè.
  • Dapwè moun ki suviv yo, yo akize gwoup gang ki konekte ak gouvènman an e ki ap travay ak ofisye polis ki mennen atak la yon fason pou puni moun ki te patisipe nan pwotestasyon kont gouvnman an plas la; yon vag pwotestasyon ki chita sou disparisyon divès milyon dola Fon Petwokaribe a. Kòripsyon yo ou delapidasyon lajan sa yo te konfime nan yon rapò ofisyèl ki te al jwenn  Sena repiblik la, nan mwa Me 2019. Anpil nan gagòt kòripsyon sa yo fèt sou lidèchip Jovenel Moise la ansanm ak pwedesesè li, Michel Martelly.
  • Sa ki pi rèd, repons gouvènman Moise la fas a pwotestasyon sa yo ogmante repwesyon yo pirèd. Anpil òganizasyon kap defann  dwa  mounn anndan peyi a pa sispann denonse vyolans sa yo ki genyen motif politik; e rapò bò kote envèstigasyon polis jidisyè a site non 2 gwo potanta masakrè yo ki ta travay pou administrasyon Pwezidan Moise la.
  • Sa pa gen lontan plis pase 15 moun masakre nan Bel-Air 4-7 Novanm ki sot pase la. E ta sanble se menm gwoup gang sa yo ki poze yon parèy zak. Konsa, sa moutre aklè zak vyolans yo vinn pi dechennen.
  • Zak vyolans sa yo bay gwo kè kase ak gwo vyolasyon dwa moun nan peyi Dayiti. Malerezman, Depatman deta ameriken kontinye ap bay gouvènman Moise la tete, nan sipòte yon gouvènman kap benyen nan kòripsyon ak vyolasyon flagrant dwa moun.  
  • Anplis, OHCHR verify eke fòs sekirite peyi-a responsab asasinaj 19 moun depi 15 Septanm nan ak atak kont jounalis nan jou sa yo vinn pi ogmante.
  • Ajoute ak tout krim sa yo, Amnisti Entènasyonal detaye yon rapò ki akize polis nasyonal la ki pa sispann itilize fòs ki pa pwopòsyonèl kont moun kap pwoteste; yo menm arive tire bon jan bal ilegal sou moun ak eksè gaz lakrimojènn.
  • Depatman deta Ameriken dwe konprann ke pwoblem kòripsyon gouvènman ayiti a pèp la ap adrese a, pa ka inyore! Li pa ka fèt tou nan yon dyalòg enklisif ki pap kapab pran plas li nan yon kote kap pase dwa moun anba pye.

Konsa, Palmantè Waters kontinye pou li di ke Pwezidan peyi Dayiti a dwe pran responsablite pou kriz sa kap bwase bil peyi Dayiti, e pwotestasyon yo pap kanpe jiskas ke li fè sa.

Leave A Reply