Lajistis peyi Dayiti mete Komisè gouvènman Fò Libète a an eta disponibilite

410

Pòtopwen__(TRiboLAND) Nan yon lèt ki date 13 Desanm 2019, Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik enfòme chèf pakè jiridiksyon Fò Libète- a ki nan depatman Nòdès peyi a, majistra Hérode Bien-Aimé ke yo deside mete-l nan eta disponiblite san sòl.

Selon espwi lèt ministè a, gwo ankèt ap mennen sou yon seri sitiyasyon grav ke yo repwoche-w majistra Bien-Aimé ki gen gwo dosye kòripsyon kap pawoze sou tèt li. Dapwè Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik, chèf pakè arive pwan nan zip se akoz li itilize yon montan 2 milyon 500 mil goud pou mete sou pye asiz kriminèl san otorizasyon ministè a.

Konsa, annatandan rezilta ankèt yo sou dosye-a bout, Mèt Robert Cade, ki se dwayen tribinal pwemyè anstans Fò Libète-a te gentan jwenn revokasyon-l.

Pou anpil moun, ministè-a gen anpil pase men pou-l fè nan tout pwovens yo, paske anpil jij, dwayen ak komisè yo ap vann lajistis nan ti godèt chak jou Bondye mete. Benyen nan kòripsyon, se sou sa yo viv chak jou!

Comments are closed.