Majistra Lochard Laguerre, divès bandi ak ajan PNH tèworize yon mache piblik nan Mibalè, yon moun mouri

461

Mibalè___(TRiboLAND) 12- 13 Jwen 2019 li tap reponn kesyon jounalis yo kont yon seri moun yo pat arive idantifye ki te baditchonnen Meri vil Mibalè-a ak matyè fekal, Lochard Laguerre ki se pwemye sitwayen vil la te fè anpil menas vyolan antan ke otorite kont yon seri moun ki pa danse kole avè-l.

Divès moun nan popilasyon Mibalè pa sispann lonje dwàt jouda sou Majistra Laguerre ki kanpe ankwa kont tout fòm pwotestasyon e kip wan yon malen plezi tèworize popilasyon an onon PHTK.

Konsa, jodi Dimanch 15 Desanm 2019 nan, zak kriminèl majistra a kontinye ap fè chemen l. Laguerre ansanm avèk yon gwoup bandi melanje ak ajan PNH debake e kraze rapye tè Mache Pas Kannòtnan e tèworize machann ak achtè. Divès moun blese e yon pò malerèz jwenn lanmò li apwè ke li te resevwa yon bal.

Kidonk yon lòt kadav anplis pami divès lòt zak malonèt ke yo repwoche majistra Laguerre ansanm avèk kò polis la ki pa sispann peze vitès sou machinn repwesyon an nan Mibalè ki kontinye ap konte kadav ak Laguerre kap fè lagè.

Comments are closed.