Gang Ba Plato egzekite 2 anplwaye ann yon legliz katolik nan Lestè

12/02/2025
Lestè, Dayiti_____(TRiboLAND) Gang sangwen pa sispann achte lajan kontan depatman Latibonit lan nan dènye jou sa; krim pa pakèt e latriye mete divès rejyon ajenou anba boul je mouche Leta. Dènye zak ki pi resan an, arive manniganse nan komin Lestè, kote nèg sansal ame arive egzekite 2 anplwaye nan yon legliz katolik nan depatman Latibonit lan.
Konsa, enfòmasyon yo ta fè konnen nan moman masak la, genyen anpil moun ki arive pran lafwit, pami yo, kire pawàs ki se pè Christophe Maurice lage pye li bwit sou kou avèk asistans yon ti ponyen polisye swadizan kap bay sèvis piblik ak pwoteje.
Aprè yon latriye atak san mèsi nan Ba ak Wo Plato depatman Latibonit lan, gang yo ta sanble detèmine pou genyen tout kontwòl depatman sila, ki livre depi yon bon bout tan anba inefikasite ak dirijan sangwen kap dirije yo. Dènye enfòmasyon yo ta fè konnen ke gang yo konte avanse sou komin Sen Mak sou plizyè fwon, yon enfòmasyon ke TRiboLAND.com pa arive konfime.






