Endividi pèsòn pa rive idantifye abò yon motosiklèt vide bal sou yon jèn gason nan vil Pòdpè.

05 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye ak zam afe, vide bal sou yon jèn gason ki pote non Ti Kiben premyè seksyon Boden, komin Pòdpè.
Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, nan moman aksyon an fin pase a endividi sa yo pat ezite menm pandan yon segond pou te mete van nan vwèl yo.
Selon yon sous ki kredib, TRiboLAND aprann ke viktim nan ta sanble pa mouri, men ka li ta sanble vrèman kritik nan yon lopital nan depatman Nòdwès la.







Triboland la tortue