SOS, SOS, SOS, pou moun site Solèy! Bandi G-9 an fanmiy manyen yonn manyen tout, anvayi e ap pèpetre masak nan site a.

948

04-22-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwoup gang G-9 ak alye ki genyen nan tèt li Iscar Andris nan site Solèy, pa sispann masakre popilasyon an nan komin nan. Sòti ayè vandredi a, jis rive nan lannwit 22 avril 2023 , pa genyen bouch pou pale! Bilan yo vrèman peze lou! Selon yon sous TRiboLAND kapab fè konfyans, plizyè moun mouri, divès jèn fanm vyole san konte moun gang sangwen ransone.

Chèf gang kriminèl Iscar Andris, ki kontinye ap miltipliye taktik li, al fè bwas jis devan zòn “3 Men”, san konte gwo kontwòl kap mete sou kafou Dwouya. Nouvèl teknik sa yo, lakòz kèlkeswa kamwyonèt kap pase,vin kwaze bab pou bab ak group sangwen yo.

Popilasyon an jis koulya, ki nan detrès, pa konn ki sen pou yo rele. Gro detonasyon kout bal kontinye ap chante, moun ap pete kouri, alòske bandi yo bare anwo,yo bare anba.

Comments are closed.