Gwoup anaksyon pou yon nouvèl jenerasyon Flokèt Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, reyalize yon jounen aktivite kiltirèl nan okazyon Jounen Entènasyonal Lajenès.

08 – 13 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Gwoup anaksyon pou yon nouvèl jenerasyon Flokèt, reyalize mèkredi 12 dawout 2026 la, yon jounen aktivite -konferans-deba kiltirèl nan lokalite Flokèt Wo 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav nan okazyon Jounen Entènasyonal Lajenès.
Sou tab konferans lan te genyen direktè Benoit Baptichon akonpaye ougan Francillon Hyacinthe kote yo tap prezante wòl jenès la nan sosyete a, kisa yon reprezanta pou peyi a ak ki enpòtans yo genyen elatriye…
Dans, teyat, pwezi , chan ak animasyon mizikal, se kèk aktivite ki te make Jounen Entènasyonal Lajenès nan lokalite Flokèt. Li enpòtan pou fè’w konnen, te genyen plis pase yon santèn ki soti nan divès lokalite anndan seksyon an ki te vin patisipe nan gran koujay sila.






