Yon gwoup polisye atake rezidans Premye Minis Ariel Henry

846

01-26-2023

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Tansyon an ap monte kounye a apre asasina 7 polisye nan Liancourt yè mèkredi 25 janvye 2023 la, pandan yon operasyon lapolis. Lapolis fache e yo atake rezidans ofisyèl Premye Minis Ariel Henry (Musseau).

Manifestan yo pete kawotchou plizyè machin epi kraze vit plizyè lòt ki estasyone nan lakou rezidans Premye Minis ayisyen an.

Polisye sa yo fache kont Premye Minis Ariel Henry ki, antanke chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la pa pran okenn dispozisyon pou bay enstitisyon polis la mwayen pou pèmèt polisye PNH yo detekte bandi kap simen laterè sou popilasyon ayisyèn nan.

Nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, klima tansyon te kreye anpil panik laperèz. Lapolis mete antravè machin e monte barikad, alòske konpayi prive ak piblik, san konte enstitisyon edikasyonèl yo, ta pral kouri fèmen pòt yo bwit sou kou.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.