Kòdonatè nasyonal TK a, Origène Louis ak pòt pawòl Nòdwès la Pierre Joseph, denonse chèf pakè Pòdpè a ki pa deside pou bay Tipeyizan yo jistis.

1,187

07-21-2023

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Kòdonatè nasyonal Tèt kole Tipeyizan Ayisyen an, Origène Louis ak pòt pawòl Nòdwès la Pierre Joseph nan entèvansyon yo, devan pakè tribinal sivil Pòdepè a, fè konnen pakè sa ponko janm gen yon komisè serye ki monte nan tèt li.

Mesye yo ale pi lwen pou raple depi 36 lane masak Tipeyizan Janrabèl yo ki fè jiskoulye a youn nan yo pa janm mennen yon ankèt sou masak Tipeyizan yo, pou mete anba kòd tout moun ki koupab nan lanmò 189 peyizan chen ak kochon tap manje nan raje yo.

Yon lòt kote pòtpawòl depatman Nòdwès la, Pierre Joseph di prezans yo devan pakè a se pou renouvle manda yo kont Remie Lucas ak Stanley Lucas kap fè manti nan laprès pou montre li inosan nan lanmò plis pase 139 tipeyizan fanmiy Lucas ak Jeantillaume Prospère te masakre 23 jiyè 1987. Zak malfektè say o te pase nan diferan seksyon kominal nan komin Jan-Rabèl nan Nòdwès peyi a. Zòn tankou Kafou Bazen, te genyen yon total 13 moun kite antere nan yon fòs komin; alòske, Stanley Lucas ap chèche akize blan ki tap defann peyizan yo.

Yo kontinye egzije arestasyon imedya direktè Imigrasyon an pou kòripsyon, malgre ankèt ULCC yo sere rezilta yo pou bay chak biwo leta yo yon kat ble chak mèkredi pou yo vann ak raketè pa yo

Comments are closed.