Ensekirite: Twazyèm edisyon “Frantzhits Show” a anile apwè atak bandi fè sou 2 manm nan ekip la

2,673

Ensekirite: Twazyèm edisyon “Frantzhits Show” a anile apwè atak bandi fè sou 2 manm nan ekip la

Par Jameson Louis

01/07/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Aprè anpil sakrifis ke ekip “FranzHits Show” a fè pou trouve trofe, plak donè ak plizye lòt prim ankò pou wè kòman yo te ka reyalize twazyèm edisyon “FrantzHits Show Awards” la, ki tap al rekonpanse plizyè Atis nan depatman Nòdwès la, oblije anile seremoni an pou ane sila.

Desizyon pou anile twazyèm edisyon “FrantzHits Show” a pou ane a pran, apwè ke 2 manm nan ekip la ta pral sibi yon atak sou wout nasyonal la pandan yo tap antre ak twofe, plak, banè elatriye. Yon gwoup moun ak gwo zam fann fwa yo pa rive idantifye bwàke machin epi pote ale tout sa yo te gen nan machin nan san konte bous ak lajan yo.

Frantz ki se PDG medya anliy sa, deklare se pi gwo kou ekip la te ka pran pou ane a apwè tout sakrifis pou reyalize twazyèm edisyon an ki batize “Inobert Altidor”.

Nap raple’w, seremoni sa fèt chak kòmansman mwa janvye nan lide pou remèt prim epi ankouraje tout atis ki fè pwogrè pou diferan kategori nan endistri a pou ane a san konte pwodiktè, grafis, emisyon Radyo elatriye.

Comments are closed.