Senatè repiblik yo pa sispann fè gagotaj ak siwotaj bwat sekrè leta

372

Pòtopwens___(TRiboLAND) Eskandal gagotaj ak siwotaj lajan leta ki gen pou wè ak kòb ke Kestè Sena a te reklame pou achte tikè avyon pou vwayaj divès Senatè, pa sispann klewonen.

Se reyèlman tris, pandan yo nan opozisyon yap mande pou chanjman yon sistèm kòwonpi, fyèv ou obsesyon gagotaj lajan leta pa sispann pike yo! Volonte pou pa divòse ak vye pwatik ke yo ap pwoteste kont li a toujou nan ADN san konsyans yo. Konsa, ki moun ki te ka kwè Evallière Beauplan, Joseph Lambert, Youri Latortue, Nenel Cassy ta asèpte dekrase ou fè yon dènye bouche nan bwat sekrè peyi-a ki deja vid pou swadizan visit Senatoryal nan peyi Lafwans! Yon Sena, ki depi dig dantan ki soufwi yon anemi kredibilite ak malmakak kòripsyon.

Dènye tantativ sa a, pa ka etone oken sitwayen ayisyen! Sitou, se pa ofysyèl ki pa gen non yo site nan yon pakèt deriv nan akapare bwat leta yo kòm chwal papa! Malgre yo viv sityasyon pèp defavorize a, malgre yo ap pwoteste ansanm avè-l, malgre dega yo fè deja nan divès bwat leta, malgre eta enfwa imen yo wè nasyon ayisyènn nan ap viv, wap mande avèk ki kè ak kouraj mesye sa yo arive asèpte deblokaj twa milyon 500 mil goud pou satisfè ego yo nan yon peyi ke menm antite sa yo kontribye nan efondreman l.

Konsa, danje ki genyen nan yon parèy tantativ, se konnen eske popilasyon an ka pran chans ak Senatè sa yo an pati ki se yon tranch nan opozisyon an kap solisite yon chanjman pou yon sistèm ki kòwonpi.

Malgre ke yo fè limyè sou yon pakèt gwo dosye kòrisyon ki gen pou wè avèk Fon Petwokaribe-a; yo arive mete pouvwa Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a nan ti grenn soulye-l; sepandan, kontrèman a sa yo vle fè konpwann, yo pa ditou inosan nan deviv finansyè ak dechèpiye ou dekrase bwat sekrè nasyon an ki pwèske pa egziste.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Comments are closed.