Lindsay de Feliz, se yon lòt fanm etranje ki mouri trangle nan Repiblik Dominkènn

376

Sen Domeng___(TRiboLAND) Yo dekouvwi yon lòt kò ki san vi nan Repiblik Dominikènn,  fwa sa se yon  Anglèz, Lindsay de Feliz, yon otè ke liv li vann kon pate cho.

Depi kèk tan zak vyolans mòtèl yo pa sispann miltipliye nan repiblik dominikènn, selon divès rapò https://www.foxnews.com/category/world/world-regions/dominican-republic .

De Feliz ki aje 64 lane te trè popilè pou 2 bèl memwa ke li te ekri sou viv nan Karaib la kòm yon ekspatriye. Yo jwenn kò otè a san vi e vlope ak yon gwo sachè plastic ayè Jedi 12 Desanm 2019 la, nan yon fòs raje tou pwè bò lakay li. Dapwè rapòtè Hoy yo, sèvis enfòmansyon lokal, kò viktim nan revele endis ki ta lèse konprann se trangle ke yo te trangle li.

Konsa, lapolis pat pran tan pou pwosede ak arestasyon mouche marye Lindsay ki genyen 50 lane, yon bofis li ki genten 29 lane e yon twazyèm mesye ki genyen 37 lane, tout anba kòd kòm moun ki ta genyen pou wè avèk lanmò Lindsay, selon yon sous polisyè.

Lindsay ki te pran nesans Wòyòm Ini, te deside ekspatriye an repiblik dominikènn akoz pasyon li pou aktivite plonje nan dlo (scuba) dapwè sa ke The Sun reported rapòte. Li se otè 2 liv popilè ki se: “What About Your Saucepans?” and Life After My Saucepans.”

Lanmò de Feliz la ogmante yon epizòd vyolans sou etranje san rete kap bay laperèz seryezman nan dènye mwa sa yo an repiblik dominikènn. Pami ka sa yo nap site:

  1. asasina sovaj Patricia Ann Anton, yon ansyen pwofesè nan eta Michigan ki te jwenn lanmò li anndan lakay li trangle mwa novanm ki sot pase la.
  2. Tammy Lawrence-Daley ki se yon natif natal Deleware kit e gravman viktim lòske yon anplwayè otèl te woule-l anba chaplèt e mete-l twa ka lanmò an Janvye dènye; Tammy apwè sa te some otèl la pou yon bagatèl $3 milyon dola.
  3. Lanmò yon lòt touris kit e soti nan Eta Georgi ke rele Tracy Jerome Jester, 31 lane, te tonbe nan mwa Mas apwè yon flann touristik nan Repiblik Dominikènn.
  4. Yon lòt trajedi ki pase nan mwa Jwen dènye, se fiziyad ansyen supèsta ekip Red Sox Boston an kit e pran yon boulèt nan do pandan ke li tap bwè nan yon ba nan Sen Domeng; pou nou site sa yo sèlman.

Comments are closed.