KEP dekriye a, mete anplas yon biwo Kolèj Elektoral

222

10\10\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Konseye elektoral yo ke egzekitif la te nome 18 septanm dènyè, deside fè yon mach an avan avèk demach administratif yo, lè yo mete anplas yon biwo administratif Kolèj Elektoral yè vandredi 9 oktòb 2020 an.

Nan yon nòt ke yo deside mete deyò, Biwo Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la ki genyen alatèt Guylande Mesadieu kòm prezidan, Esperancia Cesar kòm vis-prezidan, Josette Macillon kòm sekretè jeneral, e Guy Romeus, trezorye, yo tout reyitere volonte yo pou akonpli travay yo avèk enpasyalite, dinyite, ak onètete, daprè nòt la.

Nap raple, KEP sila ke anpil antite nan popilasyon dekriye e ki poko jwen benediksyon enstans legal anndan peyi a, toujou ap fè fas ak yon defisi rekonesans ak pouvwa. Pou anpil opozan politik, KEP krizokal sa vyole manman Lwa peyi a e konsidere kòm pi gro wont nasyonal ke peyi Dayiti pa janm konnen.

Comments are closed.