Jij titilè tribinal Tigwav la mande CSPJ pou nome jij depè sipleyan pou satisfè demand jistisyab yo.

08 – 20 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jij depè titilè tribinal Tigwav la, mèt Roland Delva nan yon interview li akòde ak laprès jounen lendi 19 dawout 2024 la, mande Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) pou nome jij depè pou satisfè demand popilasyon an.
Majistra prensipal tribinal la, mèt Roland deklare chak fwa popilasyon an fè apèl pou yon konsta, yo nan gwo difikilte pou repon’n ak demand yo akòz yo pa genyen ase jij ki disponib nan tribinal la. Jij Delva ki esplike tribinal la ta dwe genyen 6 sipleyan jij depè alòske se 2 sèlman kap fonksyone.
Toutfwa alatèt tribinal depè Tigwav la, mèt Roland Delva fè konnen genyen plis ke nesesite pou CSPJ nome pou pipiti 3 jij depè sipleyan, ki daprè sa li presize travay la twòp pou yo; 2 jij pa kapab satisfè demand anviwon 200.000 abitan nan kominote tigwavyèn nan.







Triboland la tortue montry
Whats up are using WordPress for your site platform? I’m new to the blog world but I’m trying to get started and set up my own. Do you need any coding knowledge to make your own blog? Any help would be really appreciated!