Opozisyon an ap trese lèl atravè komisyon fasilitasyon an pou pale ak Jovenel

0 419

Pòtopwens___(TRiboLAND) Lokatè Palè Nasyonal la espere rankontre avèk opozisyon an atravè divès manm komisyon fasilitasyon pou remèt pouvwa a ki pwal chita e raple chèf deta Jovenel Moise pozisyon tout sèktè nan vi nasyonal la ki reklame demisyon li.

Selon Mèt Andre Michel, ki se youn nan zèl bout di opozisyon an deklare ke opozisyon pap chèche akapare pouvwa a, men pito ap chèche yon chanjman reyèl ki kapab eradike sistèm gran kola ki chita sou yon ekskluzyon sosyàl kwonik ki efondre Ayiti. Sepandan, manm Altènativ Konsansyèl la deklare ke li pa wè oken pwoblèm pou komisyon fasilitasyon pa ta rankontre ak Jovenel Moise dapwè tèm referans misyon komisyon an ki se rankontre ak tout sèktè nan peyi a pou yon depa òdone chèf leta.

Paralèlman, TRiboLAND ta sanble gen konfimasyon resepsyon yon korespondans ke Direksyon Kabinè Pwezidan Jovenel Moise adrese Mèt Germeil Castel pou yon evantyèl diskisyon sou dokiman deplotonaj kriz la ki te drese nan Otèl Marriot 11 Novanm 2019 la.

Kidonk, rankont Palè Nasyonal ak komisyon fasilitasyon an ta pwevwa fèt Lendi 16 Desanm 2019 a 11 è pil nan maten.

Leave A Reply