Pòdepè: Fèt Imakile a selebwe jounen 8 Desanm 2019 la san pwezans otorite santral yo

408
0
Share:

Pòdepè___(TRiboLAND) Fèt Imakile Konsepsyon dewoule nan Pòdpè jounen Dimanch 8 Desanm nan san prezans Depite ak Senatè Nòdwès yo, san nou pa bliye Pwezidan repiblik la, ekselans Jovenel Moise ki toujou konn reponn prezan.

Anpil plenyen bò kote divès sitwayen nan vil la, ki dapwè yo menm ke se meprize eli Nòdwès yo meprize Imakile. Men sa pa anpeche seremoni okazyon an te dewoule an prezans divès otorite lokal tankou: premye sitwayen vil la, Mesye Josué Alusma, vis delegue awondisman an Mesye Jeantinor Enseignot, direkte jeneral OFATMA a Dr. Agabus Joseph, konmisè gouvènman an Mèt Jean Volney Belamin, reprezantan La polis la, kazèk, azèk, delegue vil la e latriye.

Monsenyè Pierre Antoine Polo te ozenit nan omeli sikonstans lan lòske li te pale konsa : “se pou nou fè tout sa Jezi mande nou fè; nan 5èm komandman an Labib di pa touye. Ou pa bay moun lavi, ou pa mete lavi sou tè a, pa fini avèk lavi yon moun. Moun ki nan gang ame, sispann retire lavi moun. Yon moun ki mete san yon lòt deyò, yap mete san-w deyò tou. Sa vle di: baton ki bat chyen blan an, se li menm tou kap bat chyen nwa-a. Tout bandi ki gen gang ame sonje ki sa pawòl Bondye di.”


Pwèt selebwan pat mete dlo nan bouch li pou-l te tire divès parabòl ki di “si fetay kay la pouri se pa penti pou pase sou li e ni se pa yon moso tòl ki dwe chanje; men se tout chapant lan ki dwe chanje.” Li kontinye ak parabòl la pou-l di: “ lè-w genyen yon rad e ke twal la pouri, se yon lòt twal pou-w achte e se pa pyese l ak yon lòt moso.

Pou pèsonaj Katedral Podpè a, se peche ki rann tout sa ki mal yo ap repete nan peyi sa a. Konsa, se pou nou tout gen amou pou lòt e anvi fè byen pou sove peyi Dayiti nan respè yonn ak lòt e konsa chanjman an ap posib sou tè Dayiti.

Fèt Imakile Konsepsyon an fete nan yon kontèks ki vrèman difisil kote lavi chè ap vale teren, fatra ak kochon achte vil la lajan kontan nan yon sosyete kap degrengole chak jou nan nivo ki pi ba-a.

Jehrbson PETIT, TriboLAND

Share:

Leave a reply