Popilasyon an ki ap moute ma swife anba men bandi sangwen “Kraze Baryè nan Fò Jak, enskri yon bandi vodouyizan nan pwogram “Bwa Kale” a.

797

08-17-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND)  Popilasyon Fò Jak la, ki pa sispan ap moute ma swife anba men group gang sangwen “Kraze Baryè, arive enskri jodi jedi 17 dawout 2023 a, Ti Junior nan pwogram Bwa Kale a.

Yo akize Ti Junior kòm moun ki te danse kole ak klik kriminèl la Viteilhomme Innocent ap dirije a; e te toujou, dapwè rezidan ou bwigadye vijilan yo, sèvi antèn pou fasilite malfektè yo teworize popilasyon an nan Fò Jak.

Antouka, apwè anpil jefò pou kore kriminèl gang sangwen yo, Ti Junior benefisye yon viza pou yon vwayaj san retou!

Comments are closed.