Yon dàm ayisyènn mouri pandan li nan pwizon nan Bahamas

295

Lapolis nan Gran Bahamas ap mennen ankèt sou sa ki alabaz lanmò yon jènn dàm ayisyènn 51 lanne ki te tonbe endispoze pandan ke li te anba men responsab Stasyon Polis Santral yo ayè Vandredi 6 Desanm 2019 la.

Selon yon deklarasyon polisyè, dàm nan te pwosekite e jwenn santans li devan Jij tribinal pou vyolasyon Lwa Imigrasyon e tap tann depòtasyon li.

Sèvis anbilansye te transpòte bwit sou kou nan Lopital Rand Memoryal kote ke  yo te konfime lanmò li, dapwè sous polisye yo. Ofisye yo deklare nan zafè sa ke se pat ditou sou plan ke dàm nan te ye; genyen yon atopsi ki gen pou pèfòme yon fason pou yo detèmine vrè koz lanmò a.

Lapwès tap demele-l pou antre an kontak avèk Minis Imigrasyon an, Elsworth Johnson ki te refize kòmante sou pwetèks ensidan an toujou sou envèstigasyon. Minis ki chaje sou Sekirite Nasyonal peyi Bahamas la, Marvin Dames pat disponib tou pou kòmantè nan lapwès

Comments are closed.