Nofraj : 2 maren sove abò yon batiman ki chavire nan Gòlf Lagonav jodi dimanch 2 novanm 2025 lan.

306
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Batiman an chavire san prezans oken pasajè abò; sepandan maren yo ki te an detrès tap miltipliye bwas e te arive abrite yo sou kote batiman chavire a, jiskas ke se yon lòt batiman ki tap soti Gonayiv ki te arive pote yo sekou nan mitan vag lanmè dlo sale yo ki pat piti.

Yon sous bò kote SEMANAH nan Ansagalè ta vle fè kwè ke maren yo ta deklare ke yo se natif natal Lagonav; se te yon deklarasyon ki pat ditou klè pou otorite SEMANAH yo ki tap apwofondi envèstigasyon yo sou idantite maren yo e nan ki pò yo te sòti.

Antouka, maren yo te arive chape, e bato Gonayiv la te oblije antre Pòtopwens avèk yo pou swit nesesè.

Share:

Leave a reply