Otorite Pòdpè yo mete men sou yon evade pwizon Kwà Dèboukè nan yon lòt zak kriminèl

1,672

Boden, Pòdpè_____(TRiboLAND) Otorite Pakè Tribinal Pwemyè enstans Pòdpè a, pwezante jodi jedi 11 novanm 2021 an, Dieufort Moreau alyàs “Ti Jean” kòm pwezime kriminèl nan tantativ asasina sou yon sitwàyen nan lanwit ki te 31 oktòb pou rive pwemye novanm 2021 devanjou maten nan lokalite Boden ki a kèlke kilomèt zònn solèy leve vil Pòdpè.

Dapwè komisè gouvènman site Kapwà Lamò a, Mèt Jean Volny Bellamin, Ti Jan se yon ansyen divis ki debake tou cho tou bouke nan vil la. Li se yon fijitif ki te sove nan katchouboumbe evazyon pwizon Kwà Dèboukè a, kote li tap puje yon pènn 15 lane pwizon pou vyòl kadejakè. Ti Jean sove nan moman li te deja puje 8 lane pwizon e kouri al chwe nan vil Pòdpè.

Ti Jean, nan lanwit ki te 31 oktòb pou rive pwemye novanm 2021, antre san onè, san lawont anndan lakay Caleb James Petit-Jeune e ponyade’l ak plizyè kout kouto; se gras ak vijilans moun nan zònn nan ki arive sove Mesye Petit-Jeune anba men pwezime asasen an.

Selon komisè Bellamin, yo deja antame pwosedi legal yo yon fason pou ekstrade malfektè a bay otorite Kwà Dèboukè yo.

Comments are closed.