Nòdwès: Sendika Anseyan yo plede anfavè Sibvansyon an ki poko janm ateri sou yo

0 334

Pòdpè___(TRiboLAND) Sendika Anseyan yo nan Nòdwès plede anfavè sibvansyon an ki poko janm ateri bò kote yo san konte yon ansanm ak yon dividal revandikasyon ki toujou rete fèmen nan tiwa biwo Ministè Edikasyon Nasyonal, pwevwa nan mwa ki pwal vini la yo pou bloke lekòl la nan depatman Nòdwès. Objektiv yon parèy mouvman, se egzije Leta Ayisyen reponn ak revandikasyon yo.

Anseyan yo nan Nòdwès ki aksepte rantre nan sal klas yo san Leta Ayisyen pa janm reponn ak revandikasyon yo malgre grèv ak manifestasyon ki rive reyalize atravè peyi a pou yon méyè trètman, plede jounen jodi a anfavè respè sibvansyon Leta Ayisyen te konn ba yo e ki pa janm rive jwenn anseyan yo ki se prensipal viktim sistèm edikatif la nan peyi Dayiti.

Pwofesè Clavel Gelin, UNNOH



Responsab UNNOH “Union Nationale Des Normaliens Haïtiens D’Haiti Ayisyen,” branch Nòdwès ki li menm se nòmalyen kap anseye Syans Sosyal nan Lise ak nan plizyè kolèj nan vil Pódpè e ki tap pale nan non anseyan yo jounen Samdi 23 Novanm 2019 la nan kad yon konferans pou Laprès, pwofesè Clavel Gelin, fè Leta Ayisyen konnen, sibvansyon an pa yon favè ni kado, men se pito Lwa Bidjè peyi a soti nan lane 2017 pou rive 2020 ki te pwevwa-l pou anseyan yo; sitwayen konsekan ki asèpte fè gwo sakrifis, maltrete epi ki toujou an difikilte pou reponn ak bezwen pwòp fanmi yo sitou lè lekòl yo ap louvri pòt yo.

Responsab UNNOH a, pwofesè Clavel Gelin kontinye pou di “Anseyan yo pa plenyen sèlman poutét sibvansyan an ki poko ateri bò kote yo, men tou yo plenyen sitou malgre grèv ak manifestasyon yo òganize anndan peyi sa-a pou fòse Leta sa-a ba yo yon mèyè trètman, pase nadmarinad.

Nan moman nap pale la, anseyan yo nan Nódwès voye yon mizangad bay Leta Ayisyen , espesyalman Ministè Edikasyon Nasyonal ki toujou plonbe zòrèy li pou-l pa tande kri anseyan yo. Konsa, yo menase pou kanpe travay nan mwa ki pwal vini la yo pou egzije otorite yo nan Leta a gen je louvwi sou ansanm revandikasyon yo.

Saint Jean wiskis / TRIboLAND

Leave A Reply