Fondasyon Je Klere mande plis limyè sou lanmò Charlot Jeudy

393

Pòtopwens__(TRiboLAND) Militan kap defann dwa moun anndan peyi-a e ki se gwo alatèt “Fondasyon Je Klere,” Marie Yolène Gilles mande plis esplikasyon sou lanmò Charlot Jeudy, yon militan ki tap defann dwa masisi ak madoda san bliye sa yo ki biseksyèl ke yo jwenn mouri yè Lindi-a nan Vivy Mitchell nan Petyonvil.

Pandan lap voye senpati bay fanmiy viktim nan ak anpil lòt ki afekte anba gwo dram sa ki revòltan, defansè dwa moun nan raple pozisyon Charlot Jeudy nan tout pakou militans li; li te toujou riske vi li nan defann dwa ak respè kominote sisinaj yo (LGBT) san entimidasyon.

Madanm Gilles mande pou otorite anndan peyi-a pwan responsablite yo nan founi pi bon limyè sou lanmò kòkenn chenn militan sa ki pap konn pwan nan pwesyon ki makònnen ak entolerans kap taye banda anndan peyi-a.

Comments are closed.