EDH pwomèt soulajman kouran elektrik pou fen ane-a

326

Pòtopwens__(TRiboLAND)  Nan  yon konferans ke li bay yè Madi 26 Novanm lan nan batiman ki loje enstitisyon EDH la nan ri Joseph Janvier nan kapital la, Dirèktè Jeneral Elektrisite Dayiti, Jean Nicolas Hervé Pierre-Louis anonse ap gen yon ti soulajman sou distribisyon kouran nan fen lane 2019.

Kapasite EDH ki rete vyèj, dapwè Dirèktè Pierre-Louis ki tap adrese-l a piblik la soulinye ke Santral Pelig la gen yon kapasite pou pwodwi plis pase 36 megawàt san konte Santral Kafou yo ki gen 10 ak 15 megawàt ak E-Power ki nan 29 megawàt. Kidonk, tout santral sa yo pwàl fè yon sèl tèt kole pou delivwe anviwon 75 – 80 megawàt pou yon pi bon sèvis nan zònn metwopolitènn Pòtopwens lan.

Enjenyè Pierre-Louis ki konfime ke tout resous EDH yo pwàl mobilize yon manyè pou founi pi mèyè sèvis bay kliyan yo vè zònn 25 Desanm 2019 yo. Sepandan, li envite vijilans popilasyon kont tout zafèyis kap detounen fil elektrik yo e menm an mezi pou ba yo lòt fòm altènatif ki kapab ede yo konekte sou lòt sikwi.

Mesye Piere-Louis esplike ke kliyan EDH yo genyen yon dèt ki estime a 22 milya goud. Li reyitere volonte enstitisyon elektrik la pou yon nouvo demaraj an kalite sèvis e menase tou pou mete aksyon piblik an mouvman kont eskanmòtè ki pa sispann distribye ti priz pasi pala ak konbèlann ilegal.

Comments are closed.