Ayiti pran yon dezyèm chans pou rale mennen vini Palacios nan peyi a

2,921

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè echèk sou pwemye rekèt otorite ayisyèn yo bò kote otorite jamayik yo pou te ekstrade pwezume asasen numewo 1 pwezidan Jovenel Moise la, Mario Palacios, ansyen militè kolonbyen ki te jwen arestasyon li nan Kenston, kapital Jamayik; responsab lajistis anndan peyi Dayiti ap fè bwàs pou solisite yon dezyèm rekèt ki, fwa sa pwàl chita sou: trete enperyàl ki te pibliye nan lane 1874 ant Ayiti, Angletè ak Ilann. Konsa, pou Ayiti, entèpretasyon yon parèy trete kapab fasilite ekstradisyon pwezume asasen an, Mario Palacios.

Kidonk, ta sanble pa genyen twòp chans pou dezyèm rekèt sa ta arive ateri; sitou avèk pozisyon youn nan avoka Palacios yo ki deja voye sou ban touch yon tel trete ke li deklare ki te deja ranplase nan lane 1973 anba lobedyans “Committal Procedures Act”, ke Ayiti te deja evoke nan pwemye rekèt la san suksè.

Antouka, otorite ayisyèn yo ap miltipliye bwàs pou arive fè ekstrade plizyè pwezume asasen Jovenel Moise yon fason pou avanse ak yon pwosesis jistis, nan yon peyi ki depi digdantan pa sispan simaye enjistis ak kòripsyon. Konsa, ou ka konpran rezon fondamantal ki fè Lajistis ayisyèn ap fè fly ak pèdi plim devan yon seri jistis lòt peyi. Epi, li difisil pou lòt eta arive respekte yon eta ki abitye genyen minis jistis ke yo akize kòm pwezume kidnapè, gang e latriye.

Nap raple pwemye rekèt otorite peyi Dayiti yo, pat jwen benediksyon responsab lajistis yo nan peyi Jamayik. Konsa, yo te rejte yon parèy demann ki pat reponn ak egzijans legal lwa peyi rasta a sou ekstradisyon.

Comments are closed.