Ayiti/Kriz: Otorite Etazini yo konte voye avan lontan yon lòt misyon ankò an Ayiti

465

Pòtopwens__(TRiboLAND)  Otorite ameriken yo pa sispann klewonnen deplwatonaj kriz la atravè dyalòg. Apwè visit nan Pòtopwens Repwezantan Etazini nan Nasyon Tèt Kole yo, Anbasadè Kelly Knight Craft nan Mèkredi ki te 20 Novanm 2019 la, yon lòt misyon deja nan wout pou Ayiti.

Fwa sa se va visit numewo 3 Depatman Deta peyi Etazini an, ki pwal fasilite kreyasyon yon gouvènman avan kòmansman ane 2020 an san bliye blokaj sistematik Palman ak bezwen ijans popilasyon an kap finn deteryore.

Alòske, malgre miltiplikasyon pèsistans ameriken sou dyalòg ant 2 opozisyon an ak gouvènman, anpil advèse Jovenel Moise yo toujou pa antann chita ak yon pwezidan ki pa onèt e bonjou li pa laverite.

Comments are closed.