Ouvèti ane jidisyè a fèt san avoka baro Pòtoprens la

308

10\05\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Dirijan baro yo ki toujou patisipe nan ouvèti ane jidisyè yo chak ane pa arive patisipe ane sa nan yon parèy seremoni ki te deroule anndan Kou Kasasyon an jodi lendi 5 oktòb 2020.

“Se premye fwa peyi a desann nan eta kokorat sa”, daprè yon avoka ki te pami yon latriye lòt avoka ki t’ap proteste deyò Kou Kasasyon an. Yo t’ap rele chalbarik dèyè pouvwa anplas la e trete’l de diktate apranti. Ajoute a sa, yo t’ap mande egalman jistis pou Me Monferrier Dorval ansyen batonye Pòtoprens lan ke yo te asasine 28 out dènye a.

Me Marie Suzy Legros ki se nouvo batonyè  a.i a, te jwen egalman anpèchman bò kote lapolis pou pa antre nan sal seremoni an kote ke prezidan repiblik la Jovenel Moise, premye minis Joseph Jouthe ak plizyè reselè pouvwa a te prezan. Batonyè a te oblije delivre mesaj sikonstans la deyò alòske anpil moun ki te anndan te mekontan e te oblije kite seremoni an solidarite ak avoka yo.

Ankò yon lòt lòbèy moun pat janm wè nan politik peyi Dayiti ki pa sispann plonje nan labou sal, daprè yon lòt avoka ki te ankolè e ki pat amelyore langaj li kont Jovenel Moise.

Comments are closed.