Kidnapping avòte : 2 pwezume kidnapè bandi jwen bouchon yo nan Delma 19

2,296

01/08/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) nan twoke kòn kout zàm avèk lapolis, 2 pwezume bandi sangwen arive tonbe vandredi 7 janvye 2022 a nan Delma nan moman yo tap rabat pou kidnape yon dàm.

Asayan sa yo ki te 3 nan yon machin Suzuku Grand Vitara, tap seye fè echanj kout zàm ak ajan lòd yo nan moman yo tap lage pye yo; youn nan yo ki tap kondwi te arive chape poul li, dapwè deklarasyon komisè gouvènman Pòtopwens la, Mèt Jacques Lafontant.

Paralèlman, komisè polis Delma a, Charles Monaude bat gwo bwàvo ak lakontantman pou ajan fòs lòd yo pou yon parèy detounman kidnapping ki tounen mal pou kidnapè sangwen yo.

Comments are closed.