Sekretè Jeneral a.i. Bawo Pòtopwens lan pran plizyè katouch

368

04/02/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Pwòch avoka Eddy Fleurant, Sekretè Jeneral a.i. Bawo Pòtopwens lan, konfime laprès ke Mèt la arive pran plizyè bal anba men bandi sangwen jedi premye avril 2021 an, nan kapital la.

Toujou, selon sous familyàl yo, Avoka a te oblije bwit sou kou transpòte lopital, kote ke responsab medikal yo ap fè bwàs pou ba li swen ki adekwàt. Konsa, viktim nan deja subi yon entèvansyon chirijikal.

Paralèlman, yon lòt masak arive fèt nan Bèlè aprè anvayisman group gang ame G9 ke plizyè moun ta entèprete kòm afwontman ak yon lòt group gang; ki selon direktè rezo nasyonal defans dwà moun (RNDDH) Pierre Espérance ki konfime se yon raid G9 nan Bèlè ki egzekite pandan 2 jou ki ta lakoz plizyè moun mouri san konte yon pakèt lòt ki blese.

Pierre Espérance denonse polis nasyonal la ki prefere fè tèt li konplis nan kosyone krim gang yo olye pou ta pote popilasyon an sekou.

Comments are closed.