Polisye kap revandike yo deklare ke yo pap rale bak sou mach pasifik demen dimanch lan

0 528

Samdi 16 Novanm 2019

Pòtopwens___(TRiboLAND) Òganizatè mach ajan polisye yo ki te pwevwa pou Dimanch kap 17 Novanm nan ap rapouswiv tèt dwat malgre divèsyon ak konvokasyon jeneral Direksyon Depatmantal Lwès PNH la ap manniganse nan konvoke tout ajan PNH yo nan baz yo jou sa.

Nan kad pou fè tande vwa yo e montre responsab yo ke yo pap jwe fas a yon revandikasyon ki chita sou egzijans mèyè kondisyon travay ak dwa pou genyen yon enstan sendikalize anndan PNH la jan Manman Lwa peyi-a pwevwa li, òganizatè mach polisye yo deklare aktivite pwotestasyon yo ap toujou rapouswiv san gade dèyè. Konsa, responsab mouvman sa kalifye dènye nòt ak chanjman direksyon jeneral PNH la kòm yon mannèv entimidasyon pou kase zèl mouvman revandikasyon ajan yo.

Antouka, yo deklare ke yo pap fè bak ak revandikasyon yo ke yo kalifye ki jis. Korespondans Godson Jeune ki demande pou responsab komisarya, soukomisarya, antènn, sèvis ak inite espesyalize fè tout sa yo kapab pou tout ajan ki aba lòd yo fè ak pwezans nan baz yo Dimanch kap 17 Novanm 2019 la apati 6 zè byen bonè maten. Nòt la menm ale pi lwen kote ke yo pap tolere absans oubyen eskiz.

Antouka, yè vandredi 15 novanm lan, Ministè Jistis ak sekirite piblik enstale yon nouvo enspektè jeneral nan tèt PNH la, Hervé Julien ki ranplase Ralph Stanley Jean Brice ki te okipe pòs sa pou yon bon bout tan.

Leave A Reply