Yon gwoup medsen ayisyen pwopoze yon tretman pou kovid-19 la

485

Pòtopwens___(TRiboLAND) COMSHI ki se Collectif multisectoriel pour une Sociéte Haitienne Inclusive pwopose yè Jedi 21 me 2020 an yon tretman ki chita sou twa medikaman ki kapab matrake sentòm kovid-19 la.

Atravè pwezidan li ki se Dieumerite Pierre-Louis, COMSHI mete anfaz sou twa medikaman sa yo ki baze sou plant medisinal tankou amwaz, lalwa, ak rakèt. Mesye Pierre-Louis te pran tan pou adrese efè espesifik sou sentòm kowonaviris la sitou pou koz respiratwa.

Pwodwi sa kapab montre rezilta lakay malad la nan yon espas senk jou. COMSHI estime ke yo gen kichòy nan men yo ki kapab fè onè medsenn tradisyonèl ayisyènn nan. Mesye Pierre-Louis ale pi lwen nan bay otorite yo gabèl ak yon demonstrasyon garanti avèk yon echatiyon 100 moun ki deja teste pou kovid-19 la yon fason pou jistifye mèvèy medikaman an.

“Konsa, atravè yon strikti kòkòday ki pote non “Ayiti Tou Nèf”, 150 medsen nan tout kalite disiplim ofwi disponiblite seyans konsiltasyon a distans ak pwiz anchaj yo atravè numewo: +509-3310-0303, +509-3162-0303”, selon pwezidan COMSHI a, Mesye Dieumerite Pierre-Louis.

Comments are closed.