Yon ajan CIMO malfòme woule anba chaplèt yon lòt jounalis nan Mibalè

0 476

Samdi 17 Novanm 2019

Pòtopwens___(TRiboLAND) Banatte Daniel, se non yon lòt jounalis Radyo Mega ki ogmante nan lis jounalis ki viktim sou rejim Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a.

Selon enfòmasyon ki vinn jwenn TRiboLAND, yon ajan CIMO malfòme ki te nan yon bakòp polis nimewote 1-01841, woule anba chaplèt yon jounalis Radyo Mega nan Mibalè. Dapwè enfo yo, ensidan an pase sou wout Mibalè a kote ke ajan CIMO te akize jounalis la kòm moun kap bay mouvman mobilasyon kont Jovenel Moise la tete.

Antouka, malgre jounalis la tap te idantifye-l, sa pat anpeche ajan malfòme CIMO a te kontinye woule anba chaplèt sitwayen pèzib la e kraze ekipman travay li ak motosiklèt li.

Leave A Reply