Ba Nodwes nan wout pou disparèt

0 273

Triboland.com 01-17-2019

Nan yon chita pale ak plizyè sitwayen nan banodwes espesyalman ak moun Baie des moustiques,cabarè,Jean Rabèl yo fè konnen genyen group sechress kap ravage yo,tankou to zannimo yo preske mouri paske yo pa jwenn manje,jaden yo sèch,juska prezan lapluie poko janm tonbe, lavi chè a ap vin pi di,yo paka moute chodyè, manman ak papa pitit sa yo mande prezidan peyi a Jovenel Moise poul sonje pwomes li te fè yo kote li te di lap fè barrage twarivyè, yon fason poul la mete lajan nan poch yo ak manje nan assiette yo, peyizan sa yo lanse yon apel ak prezidan peyi a, pou li degajel kob met Janjak pou pwomes saa la akonpli.

Yon lot bò yo mande pou pase men nan twonson wout ki relye Baie des moustiques ak port de paix a paske se la TPTC vin pwan ranblè pou lage lot kote, si sa pa rive fet yap pase nan yon lot faz.

Jehrbson Petit / Bas nord ouest / Triboland

Leave A Reply