Ansafolè: yon ekonomi ki tonbe an degraba

0 421

Samdi 16 Novanm 2019


Ansafolè___(TRiboLAND) Tout aktivite ki baze sou fason pou popilasyon Ansafolè-a ta jwenn kichòy tonbe an degraba akoz sitiyasyon malouk ekonomik kap bwase bil tout moun sitou akoz kriz politik santikri ekonomik la.

 Kriz sa ki sakaje lanvè landwat malere malerèz yo depi plis pase 4 mwa, mete pwèske sikilasyon ou sèvis twanspò ajenou nan dènye pwent tè Nòdwès la ke yo trete an paran pòv. Lavichè chè, biwo transfè o ralanti, diaspora yo nan ki nan mera pou ede fanmiy, san konte difikilte pou latè bay rannman ak anpil lòt kat mare twa ki koz moun pa sispann mande ki kote sa ap rive.

Nan kout vizit nou te fè nan mache kominal Ansafolè-a ak nan sèten depo pwodui alimantè yo, bagay yo grav. Yon gode diri 75 gd, tout bagay monte 2 fwa a 3 fwa lavalè. Pwodui latè yo, viv alimantè yo tèt nèg. Mwens batiman ak bwafouye vini pou transpòte manje swa Latòti, Pòdepè ou Okap. Nou anrejistre yon deteryorasyon sistematik de kantite machann ki te konn abitye bwase sou teren a. Konsa, divès moun kap pwan lanm pasispann mande Pè Letènèl jiskilè yon tel kondisyon ap kapab amelyore yon fason pou pèmèt pwi pwodui yo regjlarize pou moun yo ka jwenn yon ti souf?

Nap raple, yon galon gazolin ap vann $ 150 jiska prezan nan vil la, sa lakoz pwi moto ak machinn monte 2 fwa valè ke yo te konn ye avan. Sèl mwayen ki ede pèp la konnya se zangi a, yon pwodui lanmè ke moun yo oblije al kenbe chak swa pou sibveni a bezwen yo.


Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply