Gwo van panik soufle e afèkte aktivite piblik yo nan Pòdpè

0 363


Pòdpè__(TRiboLAND) Vil Pòdepè konnen maten jodi Madi 29 Oktòb 2019 la yon lòt van panic. Byen bonè nan maten, kawoutchou tap boule nan pwèske kat kwen site Kapwa Lamò-a; kout wòch ak kout boutèy ki tap soti tribò pabò, te fè mikalaw.

Anpil paran ki tap mennen pitit yo lekòl te oblije kase tèt tounen lakay yo alòske plizyè responsab etablisman eskolè te pwan nan zè panic la tou. Elèv Lise Tertullien Guilbaud yo te gen anpil laperèz tou akoz kout boutèy ak kout wòch ki t ap soti nan Rue Charlemagne Péralte (Sou pon Riboul la)) tonbe anndan Lise a.

Majorite biwo piblik ak Bank komèsyal ki te gen entansyon mete tèt deyò pat pwan tan pou kouri pase kle e fèmen. Kidonk, komès la te nan vi ralanti e aktivite va e vyen yo tap fèt pa konngout akoz kamyon yo ki konn abitye alimante vil la an machandiz bloke onivo Pòtopwens. Pita va pi tris!

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply