Nòdwès: komèsan, biznisman, menmjan ak bank komèsyal yo pare pou fèmen pòt yo akoz kriz disèt tèt la.

0 412

Pòdpè__(TRiboLAND) Komèsan yo ansanm ak Biznismann yo nan depatman Nòdwès la pa santi yo konfòtab douvan kriz k ap souke labil peyi a depi plizyè mwa. Gen Depo kap livwe angwo pwodui alimantè nan rejyon an ki pare pou fèmen pòt akoz kamyon ki konn soti nan kapital ayisyèn an pou alimante an machandiz, sanse bloke onivo Pòtopwens.

Althery Etienne, Biznismann

Komèsan ak Biznismann sa yo ki deja pèdi plizyè kamyon machandiz sou wout pandan moman kriz la ak peyi Lòk sa-a, pa konn ki sen pou yo rele tèlman sitiyasyon an parèt difisil pou yo.Yon Komèsan ki gen anpil repwezatasyon nan depatman Nòdwès la di li lage kò l nan vann vyann poul, zèl kodènn, vyann kochon jele; Mesye Althéry Étienne fè konnen li gen yon sekantèn lanne depi Granmèt la voye l sou tè saa, se pwemye fwa peyi Dayiti konnen yon kriz manch long konsa e ki mete tout moun ajenou.

Lòm dafè a, Althéry Étienne rapouswib pou l di bagay yo rele klas mwayèn an pa egziste ditou nan peyi Dayiti. Konsa, akoz kriz saa ki makònen ak peyi lòk la pa kite yon pyas nan pòch pèsònn moun. Nan peyi Papa Desalenn nan. Tout Bank Komèsyal yo ansanm ak kèk biwo piblik gen pòt klete nan moman dejou anjou.

Douvan tout konsta sa yo, lòm dafè Althéry Étienne ki tap reponn kesyon TRIBOLAND mande pou Chèf Leta-a, Mesye Jovenel Moïse, li estime ki pa gen anyen l ap jere la, dwe tande larezon ak bri rèl popilasyon an atravè yon sakrifis, yon sakrifis, yon sakrifis .. paske pèp la about e li pa kaoab ankò

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply