Direksyon Depatmantal Agrikilti Nòdwès la distribye semans nan zòn Menvyèl, sou tèt Lakwa Sen Jozèf

1,355

12-17-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TriboLAND) Direksyon Depatmantal Agrikilti nan Nòdwès, ki gen nan tèt li Agronòm Charite te reponn prezan nan zòn Menvyèl sou tèt Lakwa Sen Jozèf, atravè yon delegasyon ki te konpoze ak responsab biwo kominal agrikilti a, Agronòm Renel Pierre, Direktè Adjwen Jamesly, ak Direktè Charles Kenny pou-n site sa yo sèlman.

Konsa, yon parèy visit nan Lakwa Sen Jozèf te mete aksan sou bay peyizan yo yon vizit, pran an konsiderasyon sak dwe fèt nan zòn nan sou plan agrikilti, ak distribye semans bay peyizan yo. Plizyè dizèn moun te reponn prezan pou te tann delegasyon an ki te soti nan biwo agrikilti a. Kidonk, biwo a remèt òganizasyon an ki nan zòn lan plizyè zak semans pou distribye bay peyizan yo ki te nan nesesite pou sa. Daprè plizyè Agronòm ki te sou plas, Menvyèl se yon zòn agrikòl ratab ki enpòtan anpil, non sèlman pou depatman Nòdwès men tou peyia.

Agronòm yo te gade posiblite ki genyen pou ranmase dlo kap jete yo, fè yo pase nan kanal pou ede peyizan yo jwenn plis dlo pou kontinye plante. Konsa, yo konte jere distribisyon dlo a, yon fason pou ni moun anwo ak moun anba yo jwenn dlo yon fason pou evite konfli.

Ekip ki te sou plas la tap gade aspè teknik yo, avèk rekòmandasyon etid yo te fè pou pèmèt yo tanmen konstriksyon yon priz pou byen ranmase dlo yo.

Menvyèl se te yon zòn ki te abandone depi gang Erick Prospère a te pran an otaj zòn Lakwa Sen Jozèf; sa te pèmèt pandan plizyè ane, peyizan yo te sanse bay agrikilti do paske anpil nan yo te oblije kite Lakwa, Menvyèl ak divès lòt zòn. Popilasyon konsène yo te apresye yon parèy visit ki montre volonte lakay dirijan lokal yo nan bay prodiksyon agrikòl la jarèt.

Comments are closed.