Yon Toyota doub kabin fè loupin sou chan aviasyon vil Pòdpè a: yon jèn fi mouri san bat

234


01/17/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Li te anviron 7:40 nan lasware jodi dimanch 17 janvye 2021 an, lòske yon machin Toyota doub kabin imatrikile TQ36482 ki t’ap sòti nan plaj Baie des Moustiques; li te genyen abò plizye moun ki te soti pran detant yo. Daprè enfomasyon ke Triboland rive jwenn nan men kèk temwen, ta sanble se yon machin ki tap fè kous sou yon chan avyasyon ke yo apèn ap netwaye nan kad preparasyon kanaval nan site Kapwà Lamò a.

Sèn tris, anpil dlo nan je fàs ak yon parèy dràm ki lakoz yon jèn fi mouri sou plas e plizyè lòt moun ki te abò blese grayman grav. Otorite yo pap pran tan pou prezante sou plas. Jij supleyan komin Pòdpè a, Me Paul Blanc te rive fè konsta legal yo.

Selon majistra a, premye konsta yo revele ke gen boutèy tafya andedan machin nan; yon aspè ki ta sujere te genyen moun ki sou kon pipirit nan machin nan e ke yo te soti sou plaj nan Labe. Jij Blanc, apre konsta legal yo te pase lòd transpòte kadav la nan mòg lopital Imakile Konsepsyon ki nan vil Pòdpè.

Moun ki te nan eta ki grav yo te transpòte bwit sou kou lopital; alòske ta gen enfòmasyon ki ta sujere ke genyen nan yo ki ta mouri. Anfen, depi kòmansman lane 2021 an, pitit Kapwà yo pa sispann tonbe; tanto se asasinay, tanto se aksidan! Men, sa ki parèt trè inyoran e sou-devlope, kòman leta fè kite machinn ap sikile sou yon chan avyasyon ki fèt inikman pou avyon?

Jehrbson PETIT

Comments are closed.