Yon gwoup pwotestatè bwile yon drapo Ameriken nan dezyèm vil peyi-a

Kap Ayisyen__(TRiboLAND) Lendi ki te 28 Oktòb 2019, yon gwoup pwotestatè nan Okap lonje dwèt jouda sou gouvènman ameriken kòm kwa se yo menm ki responsab sitiyasyon mizè peyi Dayiti twouve-l depi plizyè deseni. Antouka, gwoup pwotestatè sa yo ki te achte zònn Lameri Kap Ayisyen an lajan kontan, te bwile yon drapo Ameriken.
Manifestan yo ki te an kolè pap sispann denonse egalman enjerans responsab meriken yo nan zantray peyi Papa Desalenn nan.
Apwè yo te fenn pakouri divès kwen nan vil Kap Ayisyen, yo te fè tantativ pou mete dife nan Alliance Fransèz Kap Ayisyen an.
Yo akize egalman gouvènman Fwansè ak Kanada kòm enstans ki nan bay jarèt reselè a pouvwa Jovenel Moise la ki pa sispann anglouti peyi-a.






