Eleksyon: Youn nan manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a fè aparisyon li nan Nòdwès

260

12/23/20

Pòdpè______(TRiboLAND) Youn nan manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki reprezante sèktè peyizan ak koperativ la, Madàm Amédée Nadia, nan tèt yon delegasyon, ap fè vire tounen nan Nòdwès.

Konseyè Elektoral Pwovizwa a, Madàm Amédée ki pa deside danse ploge ak Laprès, te fè chwa Prezidan BED/NO a, Pwofesè Kerry Hyppolite pou eksplike misyon l depatman Nòdwès la atravè yon nòt.

Selon Kery Hyppolite, prezans Konseyè Amédée nan Nòdwès antre nan kad pou kapab founi je gade nan ki sitiyasyon BED ak BEC yo trouve yo epi rankontre pwopriyetè kote BED/BEC sa yo loje.
Madám Nadia, an akonpayi avèk yon delegasyon te vizite vil Sen Lwi Dinò ak Lapwent Dèpalmis, 2èm seksyon kominal Pòdepè e ki klase aktwèlman nan ran komin. Reprezantan KEP la te chita pale ak KASEK zòn nan sou lavni komin sa a.

Lendi k te 21 Desanm 2020 an , delegasyon an te rann li nan 4 komin Banòdwès tankou: Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis ak Bèdeèn. Fòk nou ditou, Konseyè Elektoral Pwovizwa a, Madàm Amédée Nadia, te rann vizit nan Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, kote l te fè ti bat bouch pandan kèk èd tan ak dwayen tribinal sa a, Me Louis Yves Mary Périclès.

Li enpòtan pou n raple, se tout Konsèy Elektoral Pwovizwa Jovenel Moïse la ki gaye nan l0 depatman jewografik peyi Dayiti kote y ap founi je gade eta batimam ki loje BED ak BEC yo. Selon sèten obsèvatè, eske se ta machin elektoral la ki pral anmach? Yon dosye nap suiv!

Saint Jean wiskis

Comments are closed.