Depatman Polis Miami: Yon Ayisyen-Amerikenn kòm Chèf Polis Adjwen

0 405

Miami__(TRiboLAND) Non li rele Cherise Gause, li se premye ayisyèn-ameriken ki arive jwenn pwomosyon kòm Chèf Polis Adjwen nan vil Miami.

Se te ayè Vandredi 28 Septanm 2019 ke direktè an Chèf Jorge Colina nome Cherise gause kòm asistan li pou depatman polis Miami a.  Se yon pwomosyon istorik ki estime ke se premye fwa sa arive fèt istwa depatman polis Miami. Pandan nouvo Chèf la tap resevwa sètifika nominasyon sa nan men gran Bòs li, Chief Jorge Colina; li deklare:

“Mwen reyèlman kontan pou yon parèy pwomosyon e mwen pa ka tann pou mwen kòmanse mete sou pye yon seri gwo bagay avèk vil Miami a”. Wi definitivman, mwen se Ayisyen Ameriken, e se yon gwo akonplisman ke kominote Ayisyen-Ameriken an dwe selebwe nan moman sa avè-m”, dapwè Gause ki tap pwan lapawòl.

Konsa, pandan seremoni pwomosyon an, Colina tap pale osijè abilite leadership yo e li te mansyone tou ke se pa sèlman yon bon jou pou “Little Haiti” men pou tout vil Miami an nèt al kole. Chèf Colina rapouswiv pou-l di ke: “Se yon moun ki travay anpil san rete, li bay bonjan ekzanp a yon pakèt moun, ou konnen, sa se rezilta leadership li ak travay du ki se yon bagay moun pa kapab nye.

A kote nouvo Chèf asistan an, Colina te pwofite pou li pwomote tou yon nouvo Majò ak yon Kòmandan

Leave A Reply