Tomond: soukomisarya komenn nan boule ansanm ak 3 machenn lapolis

0 339

Tomond__(TRiboLAND) Yon foul moun nan Tomond reklame ayè Vandredi swa 28 Septanm 2019 lan demisyon pwese-pwese Pwezidan Jovenel Moise avèk anpil kolè e dife.

Selon yon temwen ki tap pataje enfòmasyon avèk yon repòtè TriboLAND, te deja genyen gwo bwi ki tap sikile nan komenn Tomond de yon evantyèl soulèvman nan jounen manif “Operasyon Moun Fou” a. Pou anpil moun, mesaj alanasyon chèf deta, kreye plis degoutans ak iritasyon.

Antouka, yon foul moun ki te an kòlè e ki tap mande demisyon chèf deta-a boule nan sware 28 Septanm lan rapye tè soukomisarya polis Tomond la, alòske plizyè polisye ki tap sèvi espas la te leve kouri.

Selon plizyè temwen okilè, anwo pa moute anba pa desann! Twa machenn lapolis boule; wout nasional nimewo 3 a ki fasilite kòkòday avèk depatman Lwès e Sant te konplètman bloke avèk tout kalite barikad anflame.

Leave A Reply