Plis pase yon douzèn resòtisan ayisyen anpwazone nan yon soup dominiken

934

Hato Mayor, RD___(TRiboLAND) Plis pase yon demi douzèn resòtisan ayisyen anpwazone pandan sware madi 3 oktòb 2023 a nan lokalite El Valle , nan Hato Mayor, Repiblik dominikèn, dapwè sa ke yon medya lokal CDN ta rapòte.

Enfòmasyon yo ta konfime ke se apwè resòtisan ayisyen sa yo ki pa genyen oken akwentans avèk lòt, te fin mange yon soup dominiken nan kominote El Valle, Hato Mayor, yo te nan yon eta vant kòde ak vwomisman jiskaske yo te oblije kouri bwit sou kou avèk yo lopital, dapwè sa medya dominiken an, CDN rapòte.

Sepandan, nouvèl fè konnen ke abitan nan lokalite agwikòl la, Hato Mayor, te toujou ap alète otorite imigrasyon dominikèn yo sou pwezans yon latriye ayisyen ki vinn pran refij nan sid El Callejón, minisipalite El Valle.

Antouka, viktim yo ki nan yon eta deplorab, kontinye ap pran swen nan lopital la, alòske tansyon chire pit pa sispann ogmante ant repiblik dominikèn ak repiblik Ayiti.

Comments are closed.