Plizyè direktè lekòl nan zòn gran Nò a pran chimen Laprès pou mande MENFP kale yo kòb pwogram BID la.

934

04 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Dosye edikasyon pa sispann fè lòbèy nan dènye jou sa yo nan site Kapwa Lamò a. Plizyè direktè lekòl nan zòn gran Nò a, patikilyèman nan depatman Nòdwès la, move kon kong e pran chimen Laprès pou mande minis edikasyon an, Nesmy Manigat, peye yo kòb sibvansyon pwogram BID la.

Pòt pawòl direktè zòn gran Nò a, Rev. Past. Edouard Milien ki tap pale ak bay divès detay sou pwogram nan, kote li fè konnen, se yon pwogram BID finanse pou yon peryòd 10 lane ak plizyè ti moun nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti, kote chak tèt ti moun koute 120 dola ameriken.

Sèmante y’ap touche lajan swè yo, pòt pawòl direktè zòn gran Nò a, mande ak mouche Nesmy Manigat kale yo kòb fòs kouraj atravè pwojè PAPDEP la, avan ke bonèt yo chavire!



Comments are closed.