“DJ Wayne” se youn pami 3 moun ke bandi kidnape yèswà nan Latibonit

2,072

07-27-2022

Lyankou, Ayiti______(TRiboLAND) Yon pròch “DJ Wayne” konfime sou Radio Télé Caraibes (Premye Okazyon) jodi mèkredi 27 jiyè 2022 a, zak kidnapping ki fèt yèswà sou 3 moun, e “DJ Wayne” se youn pami viktim yo.

Zak malonèt la fèt nan moman viktim yo tap soti Lyankou, depatman Latibonit. Daprè enfo yo, ta sanble bandi sangwen yo pa arive idantifye, te pran direksyon yon lokalite ki rele Savyen ak otaj yo, kote otè mixtape “detente” lan figire pami yo.

Comments are closed.