Ka Kidnapping: Yon bandi sangwen jwen lanmò li, yon fizi AK 47 arive konfiske anba men lapolis

1,127

11-22-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo tire ki tap bay panik byen bon`e maten an nan Delma 83 te gen pou wè avèk entèvansyon fòs lòd yo ki tap trake 2 machinn; konsa, yon bandi sangwen arive mouri e yon fizi AK 47 konfiske, daprè yon rapòtè polisye.

Youn nan machinn yo te genyen alèt sou li; Nap pale de yon pickup truck doub kabin blende ak yon Jeep Tout Terrain; genyen youn nan yo ki te deja genyen yon alèt sou tèt li pou ka kidnapping nan Petyonvil ak Delma. Genyen youn nan machinn yok e lapopo konfiske ki matrikile AA-01078.

Nap raple, sous polisyè a ta fè konnen genyen lòt prezime bandi sangwen ki kouri vole gage ak lòt machinn nan nan moman entèvansyon an.

Comments are closed.