Nòdwès: Jounalis kiltirèl Shervens Joseph kite Nòdwès ak dlo nan je e enkonsolab

0 484

 Pòdpè__(TRiboLAND) Yon kou di pou Lapwès nan Nòdwès! Shervens Joseph, yon trè jènn jounalis kiltirèl mouri vè 5:00 p.m. tale-a lakay li apwè yon maladi fwa.

Shervens ki se chouchou anpil moun nan Pòdpè, tap batay ak yon maladi fwa, ki nan dènye jou sa yo te sakaje-l nan yon pwen kote li te ekate-l de piblik la. Shervens te yon teknisyen chevwone byen koni nan mikwo kredi nan BNC. Li te arive pouswiv 4 ane nan lekòl dwa nan Gonaiv.

Shervens Joseph

Shervens te sitou make pwezans li tout nan domènn jounalistik la, sitou onivo kiltirèl pat genyen tankou-l. Jènn debyen, respekte e respektab nan zye tout moun, jounalis la te fè pwèv de yon nich talan ki enpekab. Kreyativite-l te toujou fè boujonnen espwa lakay tout dezespere ki pat wè byen lavi nan Nòdwès.

Kidonk, Shervens te yon pwi de konesans, yon kad ki te bay anpil espwa, men elas ki ale twò bonè e ki te dèyè l yon popilasyon enkonsolab! Ke nanm li repoze nan lapè!

Leave A Reply